« Zuzu » an kreyol ayisien : deskripsyon lengwistik ak sosyolengwistik

— Par Job Silvert, lengwis-tradiktològ ayisyen —

Jen 2024

Mo kle: Zuzu”, anpwen, lengwistik, sosyolengwistik

REZIME

Atik sa a ki gen tit li ki se « zuzu » an kreyòl ayisyen: deskripsyon lengwistik ak sosyolengwistik, chèche dekri prezans mo « zuzu » a nan lang kreyòl ayisyen an. Nan kad atik sa a, otè a eseye jwenn tras mo sa a nan plizyè kilti epi rive wè diferan sans li daprè kèk ipotèz. Pi gwo objektif atik sila a se dekri mo “zuzu” sou plan lengwistik, rive wè kòman li konpòte li fas ak prensip lang kreyòl ayisyen; epi dekri li sou plan sosyolengwistik, nan lide pou jwenn rapò itilizasyon mo “zuzu” a ak diferan reprezantasyon sosyal li. Otè a konkli pou l di: mo “zuzu” gen plizyè sans nan lang kreyòl ayisyen an malgre li pa konfòme l totalman ak prensip lang kreyòl ayisyen an. Atik la reponn ak divès kesyon otè a te poze epi li bay plizyè sous motivasyon ki ta fè “zuzu” pote yon chaj semantik pozitif malgre defisyans lengwistik li.

ENTWODIKSYON

Menm jan sa fèt nan anpil lang, pou nou pa di tout lang, anpil nan vokabilè yo konn soti nan lang ki te la anvan pou vin anrichi yon lòt lang. Se yon fenomèn ki nòmal. Mo ki rantre yo konn konfòme yo ak lang li rantre a, kon sa tou, yo rantre ak tout batanklan yo kòm si se nan salon lakay yo y ap rantre. Nou genyen fransè kòm egzanp lang ki konpoze ak mo laten, grèk, anglè, italyen, e latriye; ak anglè ki genyen anpil mo alman, kèk mo fransè, mo laten tou.

Nan menm optik sa a tou, kreyòl ayisyen devlope nan kreye mo pa l, prete anpil mo nan men lang tankou fransè, anglè, espayòl ak lang fon. Malgre anpil nan mo yo soti nan lòt lang, lè ou gade yo, ou wè se kòm si se zafè pa nou yo ye, paske yo respekte prensip lang kreyòl la ba yo a, epi tou, moun ki pale sèlman kreyòl oubyen moun ki pa reflechi sou lang, pa menm konsyan si mo sila yo soti nan lòt lang. Se poutèt sa, aprè yon obsèvasyon sou itilizasyon mo “zuzu” nan lang kreyòl ayisyen an, nou anvi poze tèt nou plizyè kesyon tankou: ki kote mo sa a soti? Ki diferan sans li genyen nan lang kreyòl ayisyen an? Si li se yon mo prete, ki konpòtman li genyen nan lang lan ? Kidonk, pou nou eseye reponn divès kesyon sa yo, nou te swiv demach pi ba yo.

ORIJIN AK SINIFIKASYON

Selon rechèch nou fè, mo « ZUZU » a se yon mo ki pa twò popilè nan lòt lang yo vrèman, men anpil moun enterese ak jan li sonnen, orijin li ak sinifikasyon li.

Mo « Zuzu » jwenn orijin li nan plizyè kilti ak lang. Youn nan ipotèz ki plis kenbe, se ipotèz ki di se nan kilti ongwa (peyi Ongri) li soti, kote nou jwenn “Zuzu”se yon ti sounon yo itilize pou bay afeksyon, ki soti nan yon non feminen ki se ” Suzanna ». Men, vrèman orijin li se nan yon ebre ki se « Shoshanna », ki vle di « Lili (lis), ki se yon bèl ti pye flè ». Kèk kote nan kilki Afrik tou, li gen menm sinifikasyon an. Gen lòt kote, nan kèk lòt kilti ann Afrik, yo konsidere « Zuzu » tankou varyasyon non ki vle di « lapè» oubyen « lajwa, kè-kontan ».

Selon rechèch nou fè tou, nou remake se yon mo yo itilize nan lang fransè tou pou dekri yon moun ki pran swen tèt li yon fason remakab, swa nan jan l abiye, swa li veye sou sante l, sitou nan fason li pale.

Egzanp:

Pour être honnête, l’étudiant n’est pas un zuzu, vu ses vêtements banals et les coins de ses lèvres un peu blanchis – les zuzu mangent à l’heure, non ? — (Evains Wêche, Les Brasseurs de la ville, 2016)

Akoz divès orijin non sa a, lakoz mo sila pote yon richès semantik ak kiltirèl eksepsyonèl. Nou kontinye ap poze tèt nou kesyon toujou pou nou di ki ipotèz istorik nan tout sa nou pale yo ki ta alabaz « zuzu » nan lang kreyòl ayisyen ?

Lè nou gade diferan fason yo itilize « zuzu » nan lang kreyòl ayisyen an, nou avanse ipotèz pou n di se nan lang fransè a mo « ZUZU » a ta soti pou li rantre nan pratik oral lang kreyòl ayisyen an. Konsta nou fè tou, se nan lang oral la li prèske rete. N ap esplike rezon an nan pati pi yo. Men èske sa ta vle di mo “zuzu” nan lang kreyòl ayisyen an ta foto-kopi lang franse a sou plan lengwistik ak sosyolengwistik? N ap rive wè sa pi ba.

ÈSKE MO « ZUZU» A SE YON MO PRETE (anpwen)?

Nan premye pati atik la, sou orijin ak sans mo “ZUZU” a, nou te vini ak ipotèz pou di se nan lang franse a lang kreyòl ayisyen an prete mo “ZUZU” a. Nou te siyale tou, kesyon prete mo a se etap nòmal pou yon lang grandi, pou li vini rich nan vokabilè li. Pami diferan mànyè yon lang kapab anrichi vokabilè li, prete mo se youn. Kidonk, se yon etap nòmal sa ye. Alò, ki sa anpwen an vle di? Pou ki sa yon lang prete mo? Kòman sa rive fèt?

KI SA KI ANPWEN A?

Selon Vinay ak Darbelnet (1959), nan “ Stylistique comparée du français et de l’anglais” yo a, yo defini « anpwen » an kòm youn nan pwosede tradiksyon pou soti nan yon lang ale nan yon lòt. Se yon metòd nòmal epi ki syantifik nan kesyon transfè entèlengwistik. Otè yo avanse pou di “anpwen” an se pwosede ki pi senp nan tradiksyon kote ou pran yon mo nan lang li soti a, jan l ye a, epi mete l nan yon lòt lang san ou pa tradui li. Egzanp: « Bon » ak « savon » an fransè vin bay « bon » ak « savon » nan lang kreyòl ayisyen an. Men tou, menm lè mo a kapab soti nan yon lang pou l rantre nan yon lòt lang kòm yon nouvo mo, apre yon tan li vin tounen jantimèt-jantimètrès lang li rive a, depi li kòmanse tounen vokabilè aktif natif yo, gen timoun ki fèt ki jwenn mo sa yo ap itilize, li vin metrize l menm jan ak ansyen mo ki nan fondman lang manman l lan. Kidonk, mo prete sa a pa konsidere tankou nouvo mo ankò.

Sa nou pa dwe janm bliye tou, anpwen an pa fèt sèlman nan fòm mo a, li fèt tou nan sans mo a. Sa konn rive mo a te gentan egziste nan lang matènèl la deja, akoz enfliyans yon lòt lang (segonn oubyen etranje), mo ki nan lang lokitè a vin pote lòt sans, sitou nan kontèks gen plizyè lang k ap fwote youn ak lòt nan menm espas sosyojewografik la. Nan kontèks nou ann Ayiti, sa konn rive ant fransè ak kreyòl, sa ki konn lakoz entèferans nan nivo sans mo yo. Nan ka sa a, nou ka pran mo « odas,(ye,z) » ki vle di « je-sèch, figi-di » nan lang kreyòl ayisyen an, poutan gen Ayisyen ki itilize l nan sans fransè a (kouraj, mannèv) pandan l ap pale kreyòl, sa konn koze gwo dega nan mesaj yo. Men tou, nou pa neglije sans fransè sa a ta kòmanse rantre nan pratik lengwistik ayisyen yo tou.

KÒMAN MO PRETE YO RANTRE NAN YON LÒT LANG?

Anvan menm nou gade kòman nouvo mo rantre nan yon lang, fòk nou mande tou, pou ki sa oblije gen nouvo mo ? Youn nan rezon fondamantal ki fè gen nouvo mo nan yon lang se paske gen nouvo reyalite ki konn egziste nan yon lang ak tout non li poutan ki pa ko gen fason yo nonmen l nan lòt lang lan.

Men kòman sa rive fèt nan mo prete yo, espesyalman nan lang kreyòl ayisyen an. Souvan li rantre sèlman sou fòm oral, kèk moun ki itilize l paske li reflete vokabilè yon sektè, paske li gen rapò ak devlopman teknoloji oubyen l ap pede repete akoz prezans lòt lang natif yo pale tou, e latriye.

Fòk mwen siyale nou, lang kreyòl ayisyen gen yon fason espesyal li jere koze sa a, e se youn nan aspè ki fè dwa granmoun lang sa a tout bon vre. Pou mo prete sa yo antre vin fè kò ak lòt mo ki nan lang kreyòl la, li dwe respekte kritè sa yo ki nan pati pi ba a.

Lemèt Zefi (2008), nan “pwoblèm pawòl klè nan lang kreyòl”, prezante plizyè kritè pou yon mo fè pati vokabilè yon lang. Pou yon mo nan yon lòt lang rantre nan lang kreyòl ayisyen an, li dwe mache anba prensip sa yo:

  1. Verifikasyon règ fonolojik

Daprè seri egzanp pi ba yo, yon règ fonolojik kreyòl fè son /y/ ki nan mo fransè yo tounen /i/ oubyen /u/ nan bouch tout Ayisyen ki pale kreyòl ayisyen an.

Egzanp:

Couture” an fransè bay ————————— “kouti” an kreyòl

Tuer” an fransè vin bay —————————– “tiye” oubyen “touye” an kreyòl ayisyen

  • Yon lòt règ fè son /r/ final mo fransè ki kreyolize yo disparèt nan bouch Ayisyen, kit yo pale kreyòl sèlman, kit yo pale fransè tou, esepte nan zòn Okap kote yon bon valè mo konsève l.

Egzanp: “La mer” an fransè bay ———-“Lamè/lanmè” an kreyòl ayisyen.

  • Tankou /r/ tounen /w/ devan vwayèl won o, ò, on, ou, oun, ata nan bouch ayisyen ki bon nan fransè, lè se fransè y ap pale san yo pa siveye bouch yo.

Egzanp: “Propre” an fransè bay——————- “Pwòp” an kreyòl ayisyen.

  • Nan fen mo franse ki kreyolize aprè vwayèl nazal, /b/, /br/, /bl/, tounen /m/. Kon sa tou, nan menm kontèks la, /d/, /dr/ tounen /n/.

Egzanp: “Bombe” an fransè bay——————– “Bonm” an kreyòl

Chambre” an fransè bay ———————-“Chanm” an kreyòl

Table” an fransè vin bay————————“Tab” an kreyòl ayisyen

Le monde” an fransè bay———————– “lemonn” (Lè gen plizyè mo ki soti nan yon lang ki tounen yon sèl mo nan lòt lang lan, yo rele fenomèn sa a “aglitinasyon”. Sa souvan rive yon kategori gramè ak yon kategori leksikal).

Kidonk, yon lengwis ka sèvi ak teknik verifikasyon sa a pou pemèt lòt mo antre nan lang lan, kèlkeswa lang li sòti a.

  • Yon lòt ka ankò se mo ki soti nan lòt lang ki kòmanse ak « s+konsòn » yo, lè y ap rantre an kreyòl ayisyen, yo ajoute yon « e » nan kòmansman mo a pandan l ap respekte tout lòt kritè yo, fenomèn sa a rele “pwotèz oubyen pwotèz”.

Egzanp: “Special” an franse bay————————- “espesyal” an kreyòl

« Spirityèl, sport, spécifique » an fransè bay————–« Espirityèl, espò, espesifik » an kreyòl ayisyen.

  1. verifikasyon règ semantik

Tout mo ki fè pati vokabilè yon lang dwe gen yon sans pou kominote ki pale lang lan. Tout mo prete ki nan lis mo prete yo vle di kichòy pou tout Ayisyen.

Egzanp, tokay ki soti nan « tocayo » nan lang espayòl se yon moun ki gen menm non ak ou.

Lè yon mo antre nan yon lang, li gen dwa antre ak menm sans li te gen nan lang li soti a.

An kreyòl, pi fò non bèt, non plant, non pati kò moun, non bagay moun jwenn nan linivè kenbe menm non ak sans yo te genyen nan fransè a :

Cabri————–kabrit ; chien——————-chen ; tourterelle———–toutrèl…

Yon mo prete gen dwa kenbe yon pati nan sans li te gen avan, elatriye. Egzanp, l‘estomac tounen lestomak an kreyòl. Men sa yo rele l‘estomac an fransè a se vant Ayisyen rele l. Lestomak se pati ant vant moun ak kou yo.

Yon mo prete gen dwa vin gen lòt sans ki pa menm ditou ak sa li te genyen nan lang ki te bay li a. Egzanp: pa gen okenn rapò sans dirèk ant dezyèm sans machann-lèt ki vle di rizèz ak “marchande ou vendeuse” de lait ki nan lang fransè a.

  1. verifikasyon règ mòfolojik

Tout mo prete ki nan lis mo prete yo gen menm fòm ak nenpòt mo kreyòl ki nan menm kategori ak yo. Egzanp, kawotchou suiv menm règleman ak souflantchou, ak tchouk nan silab final la. Li suiv menm règleman ak bawo, kawo nan dezyèm silab la.

  1. verifikasyon règ sentaksik

Tout mo prete ki nan lis mo prete yo kapab antre nan yon fraz kreyòl kote wòl yo parèt klè. Egzanp: Nèg la chire kawotchou a. ——- kawotchou jwe wòl konpleman objè dirèk.

  • Kawotchou a chire. —————- Kawotchou jwe wòl sijè.

ANALIZ LENGWISTIK “ZUZU” NAN LANG KREYÒL AYISYEN AN

  1. Verifikasyon règ fonolojik pou “ZUZU” an kreyòl ayisyen

Menm jan nou te swiv sa pou egzanp pi wo yo, tout mo ki soti nan yon lòt lang pou rantre nan lang kreyòl ayisyen an dwe respekte prensip fonolojik lang kreyòl ayisyen. Kòm mo “zuzu” prezan nan lang kreyòl ayisyen kanmenm, li ta dwe pase etap kreyolizasyon an, yon etap esansyèl pou yon mo konfòme ak son ki nan lang kreyòl ayisyen an. Sa vle di son /y/ ta dwe tounen /i/ oubyen /u/. Sa ki t ap pemèt « zuzu » tounen « zizi » oubyen « zouzou » nan lang kreyòl ayisyen. Kidonk, selon analiz sa a, “zuzu” pa reponn ak premye kritè lang kreyòl ayisyen an se verifikasyon règ fonolojik la.

  1. Verifikasyon règ semantik pou “ZUZU” an kreyòl ayisyen

Selon règ semantik la, tout mo ki rantre nan lang kreyòl ayisyen an dwe gen sans pou kreyolofòn yo, menm lè li ta yon mo prete. Nan sans sa a, èske “ZUZU” gen sans pou moun ki pale kreyòl yo ? Pou nou jwenn repons lan, an nou wè diferan sans « ZUZU » nan lang kreyòl ayisyen an atravè diferan egzanp pi ba yo.

  • Egzanp 1 : Mwen pa nan fè « ZUZU » mwen menm, sa m jwenn m ap manje.

Nan enonse sa a, nou kapab ranplase « zuzu » ak plizyè lòt mo tankou « Chèlbè, enteresan, kalsitran… ». Kidonk, yon moun ki « zuzu », se yon moun ki pa manje tout manje, manje l souvan konplike, e latriye.

  • Egzanp 2 : Tank direktris lekòl ou a « zuzu », se franse sèlman li pale.

Selon dezyèm enonse sa a, pale franse, se youn nan kritè pou yo di yon moun « zuzu ». Yon moun ki toujou vle pale fransè ak nenpòt moun, se yon « zuzu ».

  • Egzanp 3 : Ou twò « zuzu » tande, la ou prale, ou bezwen peye moto ou menm !

Daprè twazyèm egzanp sa a, «  konplekse » kapab ranplase « zuzu » nan enonse sa a.

  • Egzanp 4 : Ou pa ka gason pou « zuzu » monchè, fè kò w di !

Nan katriyèm egzanp sa a, « zuzu » ta konsidere kòm yon mak feminen, se fi ki dwe « zuzu », sa ka lakoz gen dout sou oryantasyon seksyèl ou.

  • Egzanp 6 : Tank nèg sa a « zuzu » papa ! Pantalon li byen eskini sou li epi li pale byen.

Nan egzanp 6 la, nou wè « zuzu » gen yon konotasyon pozitif. Se yon moun k ap veye sou tèt li. Se kontrè yon moun ki sankoutcha, manfouben, vaykevay.

  • Egzanp 7 : Hmmmm, « zuzu » sa yo fin sakrifye lang kreyòl la nèt.

La a, nan egzanp sa a, nou wè yon moun ki « zuzu » pa souvan respekte prensip fonksyònman lang kreyòl ayisyen an. Se yon moun bouch won, bouch pwenti menm lè li vyole prensip lang l ap pale a.

  • Egzanp 8: Ala pitit “zuzu” papa, pou ki sa ou abiye fre kon sa, se pa lakay ou ye!

Nan enonse sa a, yon « zuzu » se yon moun ki chèlbè, bòzò, li pa gen rad sòti ak rad lè l lakay li. Rad pou l nan ale nan gala oubyen nan soti espesyal, se li l mete nan kay. Li toujou ap fè zong li, mete pwodui nan cheve l. Wouyyyyyy, yon « zuzu » pa yon blag! Nan ka sa a, li konn sinonim “limennan ak gwo-zouzoun” kèk fwa.

Nou kapab wè, mo “zuzu” a gen anpil sans pou lokitè kreyòl yo. Li toujou kenbe sans fransè a nan kèk kontèks. Se sitiyasyon kominikasyon an ki detèminan pou rive jwenn sans « zuzu » pote. An gwo, nou kapab di, « zuzu » verifye pou kritè sa a.

  • Egzanp 8: Ou “zuzu” kon sa, epi chanm ou tèt anba, menm kabann ou pa ranje !

Nan yon enonse parèy, ou kapab wè « zuzu » gen sans neglijan, manfouben, e latriye. Se yon moun ki gen aparans pwòp poutan reyalite a diferan.

3- verifikasyon règ mòfolojik

Tout mo prete ki nan lis mo prete yo gen menm fòm ak nenpòt mo kreyòl ki nan menm kategori ak yo. Nan ka “zuzu” se diferan.

Si nou pran egzanp: Juda an fransè bay——————— Jouda nan lang kreyòl

Tuer an fransè bay————————– Touye oubyen tiye nan kreyòl.

Nou kapab di, “zuzu” vyole prensip mòfolojik lang kreyòl ayisyen an.

4- Verifikasyon règ sentaksik

Tout mo prete ki nan lis mo prete yo kapab antre nan yon fraz kreyòl kote wòl yo parèt klè. Egzanp: Jowàn “zuzu” anpil. ——- “Zuzu” kraze entènèt la ap kòmante videyo l la.

Kidonk, nou wè “zuzu” kapab jwe wòl ni sijè ni konpleman nan lang kreyòl ayisyen, espesyalman nan lang oral la.

Selon kritè anwo yo, ki sa nou kapab di pou mo “ZUZU” a nan lang kreyòl ayisyen an? Èske li respekte prensip fonksyònman lang kreyòl ayisyen. Nou wè li rantre nan lang kreyòl la kanmenm, men li sibi yon defisyans (andikap) mòfofonolojik.

Mo “ZUZU” a respekte 2 nan prensip lang kreyòl ayisyen, men li vyole 2 lòt ladan yo tou ki se kritè fonolojik ak mòfolojik la.

FENOMÈN “ZUZU” A SOU PLAN SOSYOLENGWISTIK

Pou ki sa, malgre mo ZUZU a pa respekte tout prensip lang kreyòl, yo itilize anpil, epi li gen yon chaj sosyal pozitif? Se sosyolengwistik k ap ede nou konprann koze sa a, paske koze sa a depase lengwistik pou kont li. Konsta nou fè pemèt nou vini ak deklarasyon sa “vyolans nan nòm lengwistik nan lang kreyòl ayisyen tounen yon nòm sosyolengwistik nan lang kreyòl ayisyen pou anpil lokitè eskolarize yo”. Pou ki sa se “ZUZU” olye “ZIZI” oubyen “ZOUZOU” menm jan sa rive pou “TUER” ki bay “TIYE” ak “TOUYE” an kreyòl ayisyen? Ki sa ki ta esplike fenomèn sila a?

Nan Silvert (2020), représentation sociale du francais et du creole haitien, te apiye sou rezilta rechèch li pou li wè byen klè epi rive konkli pou di: lang ofisyèl yo ann Ayiti pa sèlman yon zouti kominikasyon, men yon zouti pou kreye yon imaj sosyal (klas sosyal, kwayans), entètekstyèl, e latriye. Di m kòman ou pale, m ava di ou si w te nan gwo lekòl, si w fò oubyen lekontrè. Kidonk, jan yon ayisyen pale, vle di li anpil kichòy pou moun ki nan sosyete a. Kesyon lang se youn nan domèn syans moun ak sosyal ki gen anpil valè nan peyi Ayiti. Pito ou pa twò maton nan lòt domèn men ou metrize plizyè lang kòmsadwa. Ann Ayiti, lang plis pase yon zouti kominikasyon, lang yo se yon zouti pou bay yon enpresyon sosyal menm si ou ta di betiz sou plan lengwistik.

DIS (10) PARADÒKS SOSYOLENGWISTIK ANN AYITI

  1. Pale kreyòl san respekte prensip fonksyònman lang lan, se yon bèl imaj pou lokitè a ;

  2. Itilize mo ak sentaks lòt lang nan lang kreyòl la, malgre li pa kadre ak fonksyònman lang lan, se yon siy fyète ;

  3. Yon lekòl ki pa asepte timoun yo pale nan lang manman yo, se yon gwo lekòl;

  4. Pale kreyòl san oblije fè entèferans lengwistik, se yon siy analfabetis;

  5. Ekri kreyòl ak fot pa yon pwoblèm grav; okontrè se yon fyète.

  6. Ou kapab gen doktora kòm ayisyen, ou maton nan tout lang, poutan ekri kreyòl de grenn gòch pa pwoblèm ;

  7. Rive metrize lang segonn ak lang etranjè se kòm si ou te fè yon doktora miltidisiplinè ;

  8. Fè fot nan lang segonn se tankou yon peche mòtèl ;

  9. Pale mal de lang mwen oubyen rabese li, pa otomatiman yon otodiskrimasyon ak prejije;

  10. Tout lang senbolize konesans, men lang matènèl mwen senbolize inyorans.

KONKLIZYON

Nan kad atik sa a, nou te gen pou dekri mo “ZUZU” nan kad lang kreyòl ayisyen an, yon mo ki itilize anpil nan sosyete ayisyen an. Nou te konstate se youn nan mo prete ki itilize ak divès chaj semantik men ki rete ak yon defisyans nan nivo lengwistik, espesyalman sou plan mòfofonolojik. Selon prensip fonksyònman lang kreyòl ayisyen an, “ZUZU” konpòte swa tankou yon pitit rebèl swa tankou yon pitit deyò. Depi w tande yo di l oubyen yo ta tante ekri l, w ap wè kategorikman gen bagay ki pa fin kòrèk, sitou pou sila ki fòme nan domèn lengwistik yo.

Pou nou te sènen mo “zuzu” a nan diferan fasèt li, nou te swiv yon plan byen detaye. Nan sans sa a, nou te pale de istwa mo a, poze kesyon sou estati li nan lang kreyòl ayisyen an pou konnen si li se mo prete oubyen non. Nou te prezante kat (4) kritè pou di si yon mo se kreyòl. Nou te pase « zuzu » nan kat (4) kritè sa yo, li verifye pou de (2) ladan yo, men li pa verifye pou de (2) lòt yo ki se de (2) kritè ki nesesè pou lang ekri a. Nou te eseye chèche diferan sans mo “zuzu” a genyen nan lang kreyòl ayisyen an epi wè li sou plan sosyolengwistik. Apre tout etap sa yo, nou te prezante dis (10) paradòks sosyolengwistik ann Ayiti.

Pou n fini, ki sa nou ka di sou mo “zuzu” a? Nou ta prefere pale de pawòl « zuzu » olye mo « zuzu » lè nou konsidere pwoblèm non konfòmite « zuzu » ak prensip fonolojik lang kreyòl ayisyen an. Nou wè « zuzu » gen pote divès sans ki diferans de sans lang orijin li, sa ki fè nou wè li pa foto-kopi lang fransè vrèman menm lè li konsève sans orijin nan kèk ka. Nou kapab di « zuzu » fè pati vokabilè lang kreyòl ayisyen an kanmenm malgre li gen yon defisyans lengwistik. Nan yon demach analojik, « zuzu » ta dwe vin bay « zizi » oubyen « zouzou » si toutfwa li ta swete jwi tout privilèj lang kreyòl ayisyen an sou plan ekri.

Nan yon pèspektiv sosyal, nou konnen l ap difisil pou « zuzu » tounen « zizi », lè nou konsidere divès motivasyon ak faktè ki lakoz prezans li nan pratik kreyolofòn yo. Se poutèt sa nou fè rekòmandasyon pi ba yo.

Kòm rekòmandasyon lengwistik, n ap mande pou moun k ap ekri yo, pou yo itilize yon lòt ekivalan ki déjà nan lang kreyòl ayisyen an nan plas « zuzu » selon sans li kapab pote si nou refere nou ak egzanp pi wo yo. Nou kapab di tou, malgre defisyans « zuzu » sou plan mòfofonolojik, li fè pati lang kreyòl ayisyen an tou, li kapab rete nan lang oral jiskaske li konfòme l oubyen si yon jou lang kreyòl ayisyen an ta admèt « son ak grafèm » ki anpeche li jwi tout privilèj li menm jan ak lòt mo prete yo.

REFERANS BIBLIYOGRAFIK AK SITOGRAFIK

  1. Lemèt, Zefi (2008). Pwoblèm pawòl klè nan lang kreyòl. Pòtoprens: Université d‘Etat d‘Haïti.

  2. Silvert, Job (2020). Représentation du français et du créole haïtien. Memwa lisans, Cornerstone Christian University.

  3. Vinay, J.P. et Darbelnet, J (1972). Stylistique comparée du français et de l’anglais. Ottawa: Didier.

  4. https://venere.it/es/el-significado-y-la-historia-del-nombre-zuzu/#google_vignette. 8 /6/ 2024.

  5. https://www.britannica.com/topic/English-language. 8 /6/2024.

  6. https://www.lalanguefrancaise.com/dictionnaire/definition/zuzu. 8 /6/2024.

  7. https://www.espacefrancais.com/les-origines-des-mots-francais/.8 /6/2024.