— Par Lyonel Trouillot —
M pa antre nan deba lengwistik ayisyen an nan dimansyon teknik li. Mwen pa gen konpetans pou sa. Kòm sitwayen e kòm moun ki reflechi anpil sou enjistis ak inegalite sosyal, mwen gen pozisyon m sou ki politik lengwistik ki dwe patisipe nan kreyasyon yon sosyete ki va donnen plis jistis ak egalite, men se pa sou sa m ap pale jodi a.
M sezi, m estomake lè m li editoryal M. Michel Degraff nan Mew York Times kote, an bon kreyòl, li voye minis edikasyon gouvènman de fakto doktè Ariel Henry a, M. Nesmy Manigat monte kòm yon moun ki pote lespwa.
Se pa mwen ki ap aprann mesye Degraff yon minis solidè aksyon gouvènman li ladan n lan.
Gouvènman de fakto a kreye yon sitiyasyon sosyo-politik ki mete peyi a tèt anba. Sitwayen, sitwayèn nan lari, y ap fè fas ak yon represyon sovaj. Y ap mande demisyon yon pouvwa ki pa gen pyès lejitimite, ki pa regle anyen, ki lakòz tout bagay vin pi mal, ki vann lonè peyi a nan mande asistans militè etranje. Tout analiz bay gouvènman an pa gen lòt objektif ke rete sou pouvwa a, jwi tout tan sa posib e òganize ale l yon jan pou pèp la pa ka mande l kont. Ariel Henry ak sipò minis li yo prezidan-premye minis-pouvwa jidisyè-pouvwa lejislatif, l ap dirije jan l vle, refize antre nan negosyasyon serye ak fòs nan peyi a pou kriz politik la jwenn yon solisyon.
Lekòl fèmen. Gouvènman de fakto a monte pri gaz la yon wotè menm kant gaz la ta disponib pifò paran pa p ka peye transpò moto ak kamyonèt pou timoun yo ale lekòl. Kondisyon lekòl piblik yo (lekòl an jeneral) degrade. Sendika anseyan yo men nan tèt, y ap pwoteste kont anpil aksyon ak desizyon minis la.
Se nan moman sa a, M. Degraff chwazi voye minis de fakto Nesmy Manigat anlè kòm yon moun ki pran yon desizyon ki ba l espwa. Yo di se zanmi l, yo de a se Kòkòt ak Figawo, se dwa yo. Men se ta grav, si nan non defans pwomosyon lang kreyòl, ki se kòz pèp ayisyen e pa kòz dezoutwa lengwis k ap batay pou tit chanpyon, moun ta pwofite pran defans yon pouvwa ki gen san sou men n e ki gen kont pou l rann nou sou sa li fè ak lajan n, e ki se prensipal obstak pou kreyasyon yon gouvènman tranzisyon ak konpetans ak lejitimite pou soulaje soufrans pèp la, òganize eleksyon yon gouvènman lejitim pèp la chwazi pou mennen politik k ap defann enterè l, nan domèn edikasyon kou wè lòt domèn. Editoryal mesye Degraff la parèt nan yon moman gouvènman de fakto a ap mennen yon batay pou melanje djab ak bon mas, melanje pèp k ap revandike ak gang k ap tiye pèp la. Nan yon moman kote pa gen ase enfòmasyon k ap sikile aletranje sou sa pèp la ap sibi toulejou e prensipal revandikasyon l : demisyon gouvènman de fakto a. Voye yon minis monte se yon sipò objektif pou pwopagann gouvènman an, ke w vle ke w pa vle.
Annatandan se an bon kreyòl gouvènman de fakto a bay lapolis lòd tire sou popilasyon an, se an bon kreyòl l ap gagote lajan n, se an bon kreyòl li bare wout demokrasi, sòf lè li al fè ti kriye devan etranje pou mande yo voye sòlda vin ede l rete sou pouvwa a.
Kòm sitwayen e kòm moun k ap ekri an kreyòl depi lontan, m sezi yon moun ki fè karyè al revni l nan prezante l kòm espesyalis kreyòl pran yon pozisyon ki moutre li iyoran sou sa ki pi enpòtan nan moman an oswa sa pa enterese l : djab pa djab depi djab di yon bagay ki koresponn ak pozisyon l.
Se an kreyòl nan jounen lendi 17 oktòb la te gen dizèn ak dizèn milye sitwayen nan lari peyi a k ap mande demisyon Ariel Henry, Nesmy Manigat elatriye… Nan tèt mesye Degraff se li ki espè, moun sa y o pa konn sa k bon pou yo ?
Lyonel Trouillot
Pòtopwens, 18 oktòb 2022