Esansyèl Vodou. Yon Relijyon, Yon Kilti

— by Doktè Marie-José Alcide Saint-Lot —

Description
Marie-José Alcide Saint-Lot, fèt Ayiti. Li se yon espesyalis nan Kominikasyon, Teyori ak Kritik Teyat. Li anseye pandan lontan City College Of New-York, pita, Nova University, nan Florida. Depi 1985, li angaje nan rechèch sou Vodou, tou dabò, nan kad preparasyon tèz doktora li sou Eleman Teyatral ak Dramatik Vodou Ayisyen ki demontre rapò entim ki genyen ant relijyon Vodou ak teyat. Pou reyalize travay sa a, anplis bon kou enfòmasyon li ranmase nan liv ak tout kalite lòt sous, li te pran tan etabli kontak dirèk ak Vodouyizan nan Nouyòk kote li t ap etidye. Men pi enpòtan ankò, li te al chita nan plizyè lakou ann Ayiti, nan Gonayiv, Pòtoprens, Laplenn, Kafou, Maryani, Jakmel, Jeremi, etc, pou obsève, aprann epi konprann vizyon ak pratik relijye pèp ayisyen an. Apre pòsyon rechèch sa a, Doktè Saint-Lot pase plizyè ane ann Ayiti ap brase lide sou Vodou nan televizyon, pandan li kontinye frekante milye Vodou a, anseye, reflechi, ekri sou sijè a. An 2003, Doktè Saint-Lot pibliye premye liv li: Vodou A Sacred Theatre (Vodou Teyat Sakre). Kòm yon etidyan Vodou ki pa janm sispann fouye zo nan kalalou, li pwodui yon nouvo piblikasyon: Esansyèl Vodou, Yon Relijyon, Yon Kilti ki se yon kondanse travay rechèch ak refleksyon otè a fè sou eritaj zansèt afriken yo kite pou pèp Ayisyen.
“Alapapòt, mwen salouwe w epi mwen bat bravo lakontantman pou mèvèy bouke flè Vodou ou ofri nou nan bèl potaflè kreyòl… Ou montre ke w konnen sa ki nan kè yanm…Ou mete lektè yo chita sou ti chèz pou yo aprann ke nanpwen kilti siperyè ni kilti enferyè”…

Dr Gérard Ferère, Pwofesè emerit St Joseph University, Philadelphia.
Nan Esansyèl Vodou, Yon Relijyon yon Kilti, Doktè Marie-José Alcide Saint-Lot pote limyè sou karateristik fondamantal relijyon mas pèp ayisyen an pou tout moun ki vle konprann. Avèk bon jan enfòmasyon, otè a montre enpòtans Vodou nan lavi peyi Ayiti non sèlman sou plan relijye, men tou sou plan politik, sosyal ak kiltirèl. Nan lang kreyòl zansèt afriken yo kreye, liv sa a prezante sou fòm dyalòg, ki donk, li ofri yon diskisyon dinamik, byen soutni, ki pèmèt klarifye anpil kesyon sou Vodou, epitou, demonte move pwopagann ki ap sikile depi lontan pou avili relijyon afro ayisyen an. Esansyèl Vodou, Yon Relijyon, Yon Kilti anbrase pèspektiv pou onore divèsite kiltirèl sou tout planèt la, li envite lektè yo apresye Vodou ak tèt frèt, san prejije, epi, rekonèt valè li, menm jan tout lòt pèp rekonèt valè pwòp kilti pa yo.

Remèsiman
Mwen pran plezi remèsye kolaboratè ak zanmi ki te sipòte mwen, pataje konesans yo ak mwen ou byen pase mwen kèk sous enfòmasyon. Tout sèvis sa yo te ankouraje m, fasilite travay mwen nan preparasyon liv sa a. Map remèsye patikilyèman : Didier Dominique, otè Savalou E Frantz Voltaire, Direktè CIDIHCA, Montréal, Canada Fequière Vilsaint, Editè, Educa Vision Inc. Pompano Beach, FL Lyonel Derenoncourt (Aboudja), Anperè Soukri Danach. Jackie Desbrunes, ak mari li Hermann Desbrunes, Betty Vaval, Sèvitè Vodou. Norluck Dorange, sineyas, antwopolog, klarifye plizyè pwen pou mwen sou tradisyon Vodou. Mwen apresye jenewozite li.
Yon remèsiman espesyal pou Dr. Gérard Férère, linguist, pwofesè, otè. Nan yon peryòd kote li t ap akselere pwòp travay pa li pou pibliye dènye liv li, Massacres et Autres Crimes des Duvalier, Dr Férère jwenn mwayen konsakre yon moman pou li te reli tèks la pou mwen e ban mwen opinyon li ak rekòmadasyon sou lang kreyòl la. Se yon jès solidarite mwen pa p janm bliye.
Mwen gen anpil rekonesans anvè manbo Marcelle Laguerre ki pa janm fatige reponn tout kesyon mwen, e, avèk antouzyas, pran tan fè limyè pou mwen sou relijyon Vodou, pataje eksperyans li avèk mwen, ede mwen tout jan li kapab. Devouman mari mwen, Emile Saint-Lot, touche mwen nan fon kè m. Malgre pwoblèm sante, li kontinye akonpaye m nan tout inisyativ mwen, deplwaye tout jefò posib pou li patisipe nan reyalizasyon travay sa a. Se avèk lanmou m ap di li: mèsi anpil.